REFLEXION

Mèsi Bondje pou yon lanne
Pou tout sa'L fè, pou tout sa'L ye
Paske lanmou'L pap janm chanje
Mwen vle, ak ou, leve kanpe
Pou'm di mèsi : " papa Bondje "
Gen sa'k kontan, gen k'ap kriye
Gen k'al legliz, gen k' nan gede
Men vle pa vle yon fen dane
Monchè… machè… Fò'w f'on kanpe
Se vre nou toujou okipe
Men fò'w pran tan pou'w kalkile
Kote'w jwenn fòs pou'w ka naje
Nan lanmè yon monn si twouble?
Me n'ap tanmen yon lòt lanne,
Kisa'k pèmèt ou ka vanse
Malgre mizè, kalamite
Malgre nou chaje ak peche ?
Eske se paske'w posede ?
Ou s'on save ? Ou byen kanpe ?..
M'pa konnen ki sa'w panse
Men'm kwè gen yon sèl verite
Yon jou anplis ou egziste
Se gras Bondye'w benefisye
Se p'on bagay ou ka peye
Ni yon favè ou merite
Si nou konsyan, si nou serye
Larekonesans oblije
Fòk nou pran tan pou nou priye
E bay Bondje sa'L merite
Remèt Li la vi'n an antye
Adore Li nèt al kole
Pran denpi premye Janvye
Rive jouk nan letènite
© Storly Michel
|